Nòt pwotestasyon Sektè Demokratik et Popilè a kont ensekirite a

Nòt pwotestasyon Sektè Demokratik et Popilè a kont ensekirite a

Pòtoprens, lendi 27 septanm 2021: Sektè Demokratik Popilè a ap pwoteste ak tout fòs li devan sitiyasyon ensekirite tèt chaje Popilasyon an ap viv la. Pèp la pran nan « feux croisés » rejim PHTK a ki pran peyi a an otaj depi 10 lane, y ap goumen youn ak lòt pou kontwòl pouvwa. Li pa yon sekrè pou pèsonn rejim PHTK sa pran pèp la tankou sandwich, yo distribiye pil ak pakèt gwo zam fannfwa, yo plase gang tribò babò nan tout peyi a e yo enstale yon klima latèrè nan mitan popilasyon an.

atik kika enteresew :

Flash |- 3 morts et plusieurs blessés dans un incendie dans la zone de l’Aviation.

Croix-des-bouquets : La reprise normale des activités scolaires dans l’impasse

Sektè Demokratik Popilè a ap mande Dr. Ariel Henry, Premye Minis defakto, ki siyen ak anpil kouch nan sosyete a AKÒ 11 SEPTANM lan pou remete peyi a sou ray, pou l pran responsablite l nan pran mezi prese prese pou frennen gè tou louvri ant frè-enmi menm plim, menm plimay sa yo ki dekonpoze tèt yo kounye a an Jovenis-Lamothis e Mathelis. Gè ant fanmiy sa ki eklate depi nan vivan Jovenel Moise pou kontwòl espas ekonomi ak pouvwa gen konsekans kriminèl dirèk sou popilasyon an ke yo kidnape e touye. Se menm gè ant frè PHTK yo ki mete peyi a nan pwoblèm rate gaz la. Peyi a sou gidaj otomatik lamafya PHTK.

Dr. Ariel Henry dwe montre kapasite l pou fè enstitisyon yo jwe wòl yo, pou bay popilasyon an sèvis. Yon enstitisyon tankou Lapolis Nasyonal afiche depi sou Jovenel Moise yon konpòtman konplezan, manfouben, sispèk pa rapò a aksyon Gang ak kostim ki lage popilasyon an nan dezawa. Moman an rive pou yo evalye seryezman rezilta ekip ki nan tèt Lapolis la, ki depi kèk tan sanble remèt kontwòl peyi a bay gang.

Se kounye a menm popilasyon ap tann yon siyal klè nan men Dr. Ariel, pou l demele l jan AKÒ 11 SEPTANM nan mande l la, pou fèmen robinèt ensekirite gran ekip PHTK a lage nan peyi a. Peyi a paka tann ankò!

Sektè Demokratik Popilè a rete makònen ak tout revandikasyon popilasyon an ki enskri nan AKÒ 11 SEPTANM 2021 an.

SDP ap veye! SDP ap aji!

Pou Sektè Demokratik e Popilè ( SDP ):

Sen. Ricard PIERRE,
Sen. Nènel CASSY,
Ing. Marjory MICHEL*,
Me. André MICHEL,
Dp. Ulrick ST CYR,
Dp. Joel COSTUMÉ.

           Fen

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *