Etazini|-. Yon bebe 2 lanne touye manman li ak yon bal nan tèt pandan li ap asiste yon reyinyon sou Zoom

Etazini|-. Yon bebe 2 lanne touye manman li ak yon bal nan tèt pandan li ap asiste yon reyinyon sou Zoom

Yon bebe ki genyen 2 lanne touye manman li ak yon bal nan tèt pandan li t ap asiste yon reyinyon sou aplikasyon Zoom, 11 dawou pase a, nan peyi Lèzetazini, nan vil Altamonte Springs nan Nò Òlando.

Shamaya Lynn, 21 lanne arive pèdi lavi l akoz mari li ki se Veonde Avery te mete zam li nan move plas ki fè ke pitit yo ki genyen 2 lanne arive jwenn li e tire sou manman li. Dram sa yo fèt anpil nan peyi Etazini akoz nenpòt moun kapab posede yon zam.

Veonde Avery, papa timoun lan ki pa t la pandan dram lan, rive jwenn arestasyon li, li akize ke li touye madanm li envolontèman e sitou paske li pa t mete zam lan kote pou bebe a pa t jwenn li.

Chak ane nan peyi Lèzetazini, anpil timoun gen aksè ak zam ki chanje e tire san yo pa t vle selon yon rapò de Everytown For Gun Safety, yon òganizasyon ki ap milite pou moun kapab byen ankadre zam yo. Selon yon rapò, timoun yo ki jwenn zam ki tire envolontèman lakoz 879 moun mouri nan lane 2015 e 114 deja pou lane 2021 an.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *