MENFP ekate direktè Jean Carl Albert Bellerice pou vye mo li di elèv yo

Jean Carl Albert Bellerice direktè Enstitisyon Bèlri Kastera jwenn biyè soti l nan men Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl poutèt li itilize vye pwopo kont yon elèv.

Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl, Nesmy Manigat, nan yon nòt ki parèt sou kont Twitè l, fè konnen ministè l ap jere a pran desizyon pou ekate Jean Carl Albert Bellerice nan tèt Enstitisyon Bèlri Kastera paske li di yon elèv anpil vye pawòl nan klas la. Ministè a kreye yon komisyon pwovizwa pou jere lekòl la.

Se nan yon nòt vokal ki dire anviwon yon minit ak trant sekond, ou tande direktè sila k ap itilize vye mo kont elèv sa ki pa janm replike ak direktè a.

« Ou pa gen plas ou la, madigra, maskarad, ti kochon, bèt » se kèk pami betiz ke direktè a te itilize pou l enjirye elèv sila, san konte lòt ke nou pa fè mansyon pa respè pou lektè nou yo.

Reyaksyon sila vini aprè ke direktè sila te wè dlo vide sou yon biwo, li te vle ekspilse kèk elèv pou zak sila, men yon elèv te di ke yo pa konnen kilès ki otè zak sila, se nan moman sa direktè a kòmanse vekse timoun sa ki pa merite pini paske yo di yo pa konnen.
« M pa fout bezwen konnen, si nou paka gen je pou n wè se fout bouda nou pou n bat », se konsa direktè sila te reponn aprè youn nan elèv yo te di yo pa konnen kilès ki jete dlo sou biwo a.

Direktè Jean Carl Albert Bellerice non moman sa pwofite mete pou paran timoun yo tou: « Se nan pak manman nou ak papa pou n rete. Bann ti kochon. »

Aprè ke direktè a te di timoun yo l ap fout yo deyò pèsonèlman, yon tifi te mande l si ka ale ak volonte yo, se tifi sila ke direktè rive « chawony » pandan li di l pa gen anyen pou l fè nan lekòl li a. Elèv sila te sèlman fè direktè a konnen ke paran l pa voye l lekòl pou li joure l.
Kòlè direktè a pat sispann grenpe nan tèt li; « pati chyèn, al grate chyèn » se avèk vye pwopo sa yo li kontinye mete elèv sila deyò.

Fòk nou kwè se pat jou chans elèv sila; Madam Martine, se lòt vwa ki idantifye sou nòt vokal, se elèv sila li vin blame paske l pa gen dwa reponn direktè a. San konte direktè a kontinye trete timoun sila avèk vye betiz toujou: « grizèt, al jape laba. Al fout jape deyò, grate pis, grate deyò ».

Widzer Chéry

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *