Ayiti-Sekirite : Lapolis libere plizyè moun bandi te kidnape nan Kwadeboukè

Nan yon operasyon byen bonè maten jedi 12 mai 2022 a nan Kwadeboukè, Lapolis rekipere yon bis bandi ak gwo zam lou te kidnape epi libere tout pasaje ki te abò li yo.

Bandi yo toujou kontinye ap bay pwoblèm nan komin Kwadeboukè. Selon enfòmasyon Lapolis bay, yo rive rekipere yon bis konpayi Capital Coach Line epi libere pasaje yo ki t ap ale yo Sendomeng.

Operasyon sa a te mennen byen bonè nan maten jodi Jedi 12 me 2022 a.

N ap fè sonje, sitwayen « Turc » yo toujou nan men ravisè yo apre bandi te kidnape yo ak tout yon bis konpayi Metro ki t ap mennen yo Ayiti.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *