Dis (10) pi bon sit pou chèche travay nan peyi Kanada pandan ou nan peyi w

Kredi foto : 123rf

Chèche e jwenn yon travay se premye bagay ou dwe fè pou kapab pati ale travay nan peyi Kanada (Canada an franse).

Avan ou pati nan peyi Kanada, ou dwe genyen yon lide klè ki kote ou kapab chèche yon travay, e kijan ou kapab fè sa. Dayè pandan ou nan peyi ou, ou kapab chèche travay sila a avan ou prezante ou devan konsil la. Sa kapab fasilite chans pou kapab vwayaje nan peyi sila a.

Chak jou genyen plizyè milye òf travay pou peyi sila a men ki pa rive konble akoz mendèv la ki pa sifizan. Pou evite ou pèdi twòp tan nou ap pwopoze ou 12 sit entènèt kote ou kapab chèche travay fasil.

  1. www.jobbank.com
  2. www.guichetemplois.gc.ca
  3. www.workopolis.com
  4. www.ca.jooble.org 
  5. www.jobboom.com 
  6. www.emploiquebec.gouv.qc.ca
  7. https://ca.indeed.com/m/
  8. www.albertajobs.com
  9. www.bcjobs.com
  10. www.healthcareersinask.com

Nou prezante ou 10 sit kote ou kapab chèche travay pou peyi Canada. N ap raple ke jwenn yon djòb,se yon gwo avantaj lè ou pral depoze pyès ou devan imigrasyon.

Pou kapab byen prepare ou, fòk ou prepare yon CV pwofesyonèl ak yon bon lèt motivasyon. Postile pou travay ki nan domèn ou etidye, sa ap ogmante chans pou jwenn travay pi rapid.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *