Ayiti-Ensekirite|-. Nèg ak zam atake Ministè Planifikasyon, enfòmasyon fè kwè se ta militan SDP

Credit Photo : Flash Haïti

Pandan lajounen vandredi 24 jen 2022 a, plizyè endividi yo pa rive idantifye sakaje plizyè biwo nan Ministè Planifikasyon ak Kowoperasyon ekstèn epi sezi zam yon ajan sekirite lokal la. Selon plizyè medya, se ta militan SDP k ap reklame entegrasyon yo nan fonksyon piblik la.

Nan yon nòt pou laprès, Ministè Planifikasyon ak Kowoperasyon ekstèn konfime ak denonse zak kote plizyè endividi ame, yo pa rive idantifye, penetre nan lokal la. Ansanm endividi sa yo antre nan biwo yo pou egzije enstitisyon an fè yo jwenn lajan pou yo kapab peye kay, achte manje epi peye lekòl pitit yo.

Ministè a kontinye pou l di, nan moman endividi sa yo aprann yo pa p kapab jwenn sa yo mande yo pou kounye a, yo sakaje enstitisyon an epi pote ale zam yon ajan sekirite, yon kalib 12. Kèk tan aprè, sévis sekirite ministè a rekipere zam sila, daprè MCPE nan nòt li a.

Enfòmasyon fè kwè se ta militan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) ki ta atake ministè Planifikasyon an pou egzije, minis la, Ricard Pierre, ki se ansyen alye yo sou teren an, entegre yo nan fonksyon piblik la.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source: Gazette Haïti

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *