Ministè Edikasyon Nasyonal ap òganize repriz premye jounen egzamen 9èm yo, 50 elèv konsène

Source : MENFP

Sant Pèmanan Evalyasyon Ministè Edikasyon Nasyonal la pran desizyon òganize repriz premye jounen egzamen ofisyèl pou klas 9èm AF yo ki pa t rive fèt zòn Pènye ak Tòsèl. Egzamen sila yo konsènen 50 elèv ki pral konpoze nan Lise Nasyonal Petyonvil.

46 elèv ki sòti nan zòn Pènye-Tòsèl, 2 ki sòti Delma ak 2 ki sòti Pòtoprens, sa fè 50 elèv ki pral gen posiblite sibi egzamen ofisyèl klas 9èm AF, nan yon nòt Ministè Edikasyon Nasyonal pibliye, ayè lendi 27 jen an

Nan nòt sila, Ministè a, atravè ògan li a ki se Sant Pèmanan Evalyasyon, anonse repriz premye jounen egzamen ofisyèl pou klas 9èm AF yo, ki pa t rive fèt nan zòn Pènye ak Tòsèl, pou rezon ensekirite. Daprè li menm, egzamen sa yo ap fèt jodi madi 28 jen 2022 a, nan Lise Nasyonal Petyonvil. Egzamen sila yo ki konsènen kominikasyon fransè ak syans eksperimantal ap fèt pou 50 elèv ki pa t gen posiblite konpoze semèn pase a.

Nap raple premye jounen egzamen ofisyèl pou klas 9èm ane AF yo ki te fèt lendi 20 jen pase a pat rive abouti pou tout timoun nan 4 kwen peyi a. Paske nan lajounen premye jounen egzamen yo, zòn Pènye ak Tòsèl te konnen gwo panik kote kout zam t ap chante tribòpabò. Sa ki te anpeche elèv ki afekte nan zòn sila yo konpoze.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : paj Facebook MENFP

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *