Espò|-. Paulo Dybala, Alvaro Morata ak Federico Bernardeschi pa jwè Juventus ankò, se ofisyèl

Jodi jedi 30 jen 2022, klèb foutbòl Juventus, nan vil Tiren, peyi Itali salye depa Paulo Dybala, Alvaro Morata ak Federico Bernardeschi. Yo ofisyèlman pa jwè ekip la ankò paske kontra yo bout.

Paulo Dybala

Entènasyonal ajanten an t ap jwe nan Juventus depi 2015. Li pase 7 sezon ladan l. Elye goch ki te pwomèt anpil bagay nan ekip  » Vielle Dame  » nan, pa rive enpoze li jan anpil fanatik foutbòl t ap atann ak sa.

A 28 tan, ansyen nimewo 10 klèb foutbòl tirinwa a pa p pwolonje kontra ki lye li ak klèb sa ankò kote ladan l, li make 115 gòl pou tout konpetisyon li jwe ak li. Li ranpòte : 5 chanpyona Itali, 4 koup Itali ak 3 Sipèkoup Itali.

Alvaro Morata

Avèk 29 lane sou tèt li, atakan entènasyonal peyi Lespay la ki gen pou non konplè, Álvaro Borja Morata Martín, pa p jwe pou Juventus ankò sezon k ap vini la. Aprè kat (4) sezon ansyen atakan Réal Madrid la pase nan klèb sila, li pral gen pou l depoze valiz li nan yon lòt sezon k ap vini la.

Nan klèb tirinwa a Morata te konnen yon premye pasaj de 2014 a 2016. Pandan peryòd sa li te reyalize pi bon moman l avèk klèb la. Li te make pou li sou ansanm de (2) sezon sa yo, 27 gòl pou tout konpetisyon li te jwe ak yo.

Aprè yon ti tan tou kout li te retounen pase nan klèb fòmatè li ki se Real Madrid (2016-2017), li pat rive enpoze l sa ki te lakoz li te ale jwenn lòt klèb nan kapital espayòl la, Atletico Madrid pou sezon 2017-2018 la, anvan li te travèse nan ekip Chelsea a nan chanpyona anglè a, de 2018 a 2020.

Apre tan sa, li retounen nan ekip Juventus la pou de (2) dènye sezon ki sot pase yo la kote li make pou yo 26 gòl. Sa ki fè li yon total 53 gòl sou koulè  » Vieille Dame  » nan. Li ranpòte ak li : 2 chanpyon Itali, 3 koup Itali ak 2 Sipèkoup Itali.

Federico Bernardeschi

Entènasyonal italyen an ki gen 28 lane sou tèt li, pa renouvle kontra li nonplis tou avèk Juventus Tiren. Ansyen nimewo 20 an, ki evolye kòm milye teren oubyen atakan nan ekip la, reyalize senk (5) sezon ak yo, de 2018 a 2022, aprè li te fin kite Fiorentina. Sou yon total 183 match li jwe ak « Bianconeri » yo, li make sèlman 12 gòl. Li ranpòte ak yo : 3 chanpyona Itali, 2 koup Itali ak 2 Sipèkoup Itali.

Okenn enfòmasyon poko konfime nan ki ekip yo prale pou sezon k ap vini la.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source: BeSoccer

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *