Ajan inite SWAT yo mennen yon operasyon Taba 49, yo sezi plizyè zam ak machin

Crédit Photo : PNH

Ayè vandredi 1ye jiyè a, ajan nan inite espesyalize SWAT mennen yon operasyon nan komin Taba, zòn Eddy One. De (2) zam manch long, yon pistolè kalib 9 mm, twa (3) veyikil pami yo yon motosiklèt, ak lòt materyèl ankò, konfiske nan kad operasyon sila.

Nan yon nòt Biwo kominikasyon PNH la met deyò, li fè konnen yon operasyon te mennen, ayè vandredi 1ye jiyè a, kote ajan nan inite espesyalize SWAT yo ta rive sezi de (2) zam manch long, yon pistolè kalib 9 mm, twa (3) veyikil pami yo yon motosiklèt, ak lòt materyèl ankò. Operasyon sila mennen nan komin Taba, nan yon lokalite ki pote non Eddy One.

Daprè PNH la, depi lè patwouy polisye yo rive nan zòn nan, endividi ak zam yo pa rive idantifye, tire sou yo sa ki te kontrenn yo reponn bandi yo. Se konsa malfra yo kouri ale epi kite dèyè : yon M4, yon zam manch long kalib 12 ak yon pistolè 9 mm.

Nan kad menm operasyon sila, Fòs lòd yo rive rekipere tou yon Nissan Patrol ki pou la Polis la kote ladan l Komisè Prensipal Plaisimond Robert te asasinen, nan dat 1ye mas ki sot pase a. Aprè, ajan yo konfiske yon lòt Nissan Patrol, koulè gri, imatrikile AA-69914 epi anndan l, yo jwenn yon plak imatrikile AA-04314 ak yon paspò yo pa di pou kiyès li ye.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous: paj Facebook PNH la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *