Jistis|-. Komisè gouvènman Pòdepè a libere prezime trafikan zam ak katouch Fritz Jean Relus

Nan komin Pòdepè, sistèm jistis la pa sispann fè pale de li. Komisè gouvènman jiridiksyon Pòdepè a, Mèt Michelet Virgile libere, mèkredi 6 jiyè ki sot pase a, Fritz Jean Relus, yon endividi Lapolis te arete pou enplikasyon li nan trafik zam ak katouch nan dwan vil la.

Fritz Jean Relus ki jwenn liberasyon l, mèkredi pase a, se yon prezime trafikan zam ak katouch ki te vin chache plis pase 120 mil katouch fèmen nan 157 bwat nan dwan pòdepè a vandredi 1ye jiyè pase a.

Daprè anpil medya nan komin nan, liberasyon endividi sila soulve kòlè anpil moun ki trete komisè gouvènman an, Mèt Michelet Virgile, kowonpi.

Menm medya sa yo fè konnen tou, komisè a sot libere nan mwa avril pase a yon endividi ki gen non l site nan zak kidnapin ak asasina polisye.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source: Zoum Medya

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *