RTVC deside kanpe tout pwogram li yo semèn sa a pou pwoteste kont ensekirite ak kidnapin

Ekip Radyo Televizyon Karayib ki chita kò l nan Ryèl Chavannes nan kè Pòtoprens deside kanpe tout pwogramasyon l semèn sa. Desizyon sa vini nan lide pou pwoteste kont ensekirite k ap vale teren nan zòn metropolitèn nan epi pou egzije otorite yo pran responsablite yo.

Kòmanse nan Jounal Premye Okazyon pou rive nan emisyon  » La Manne du Matin  » se tout pwogramasyon Radyo Televizyon Karayib la, PDG Patrick Moussignac deside kanpe semèn sa. Rezon an senp, pwoteste kont klima ensekirite a ki makonnen kò l ak yon fenomèn kidnapin k ap fè dappiyanp sou ti malere ak malerèz. Pou semèn ki sot pase a sèlman plis pase 20 moun twouve yo anba men bandi k ap mande fanmi yo gwo lajan pou libere yo.

Pou responsab RTVC yo, desizyon sa vini nan lide pou fòse dirijan yo pran bon jan mezi pou frennen fenomèn sa.

Desizyon sa pran tou nan yon kontèks kote gran Sid la bloke depi plis pase yon lane, pakè Pòtoprens bandi ak zam kenbe an otaj sa gen plizyè semèn, batay ant gang enmi nan Site Solèy vin pi rèd, elatriye.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Guerrier Dieuseul

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *