Ayiti-Jistis|-. Ansyen komisè gouvènman Pòdepè a, Michelet Virgile, anba kòd

Sou enstriksyon DCPJ, Lapolis Nasyonal Dayiti mete anba kòd ansyen komisè gouvènman jiridiksyon Pòdepè a, Michelet Virgile, jodi madi 12 jiyè 2022 a.

Daprè enfòmasyon k ap sikile nan laprès, Lapolis Nasyonal mete anba kòd ansyen komisè gouvènman jiridiksyon Pòdepè a, Michelet Virgile, ki te jwenn revokasyon l aprè tout pale anpil ki te genyen pou tèt li te rive libere yon prezime trafikan zam.

Ansyen komisè a ki te genyen pou li pran an chaj dosye prezime trafikan zam ak katouch nan dwan Pòdepè a, Fritz Jean Rélus. Li te rive libere endividi sila. Sa ki te lakoz anpil eskandal pete. Sa ki ta pral fè Minis jistis la Berto DORCE, revoke li nan tèt Pakè a pou ranplase l pa Vital Bertin.

N ap raple tou se vandredi ki te 1ye jiyè a prezime trafikan zam nan, Fritz Jean Rélus, te jwenn arestasyon l pandan li te ale chèche anviwon 120 bwat katouch ak chajè nan dwan Pòdepè a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *