Seksyalite|-. Medam yo mastibe pi plis pandan lanne 2022 a, daprè yon etid ki fèt

Seksyalite|-. Medam yo mastibe pi plis pandan lanne 2022 a, daprè yon etid ki fèt

Mastibasyon egziste nan tout sosyete, nan tout kilti. An Ayiti, jan nou rele li  » Laponyèt  » pou gason,  » laponkrèk  » pou fi, se pratik seksyèl yon moun komèt pou li satisfè tèt li. Gen moun ki pratike l anpil menm jan gen lòt tou, pou yon rezon ki lye ak yo menm, yo deside pa pran plezi ladan l.

Si yon moun panse se sèlman ak gason pratik seksyèl sila mache, ebyen li twonpe l paske fi yo tou pa manke pran ti plezi pa yo. Èske li bon ? Èske li pa bon ? Se Kesyon sa yo anpil moun toujou ap poze. Men sa ki enpòtan se yon pratik k ap vale teren paske, daprè yon etid ki fèt, ane sa a medam yo bat laponyèt plis pa rapò ak lane pase.

Yon etid nan peyi Kanada ki pote non  » etid Womanizer « , fè konnen medam yo bat laponkrèk, an mwayèn, 81 fwa chak ane. Sa ki vle di yo mastibe 6 fwa plis ke lane pase. Yon etid ki rive reyalize nan okazyon jounen mondyal mastibasyon an ki selebre chak 14 jen.

Eka mastibasyon ki genyen ant gason ak fi nan peyi sa a pase de 60 % a 40 %. Yon evolisyon ki pozitif daprè Womanizer.

Menm etid sa fè konnen tou, nan peyi Kanada, gason yo bat laponyè 147 fwa chak ane. Yon chif ki pi wo pa rapò ak pa fanm yo.

Sa ki vle di menm si pratik seksyèl sila ap vale teren bò kote medam yo, gason yo rete mèt koze a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *