Trafik zam : Lapolis arete Mèt Robinson Pierre Louis

Trafik zam : Lapolis arete Mèt Robinson Pierre Louis

Lapolis Nasyonal atravè Biwo Afè finansyè ak Ekonomik mete men nan pat kasav Mèt Robenson Pierre Louis, ayè vandredi 22 jiyè a, pou enplikasyon l nan dosye trafik ilegal zam ak katouch nan Dwàn Pòdepè a, nan Nòdwès peyi a.

Apre plizyè moun ki rive jwenn arestasyon yo nan kad dosye trafik ilegal zam ak bal nan dwàn Pòdepè a, pami yo ansyen komisè gouvènman an, Michelet Virgile ki te libere de (2) prezime trafikan Lapolis te fin arete, kounye a se tou pa ansyen manm Kabinè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la, Robenson Pierre Louis.

Arete ayè vandredi a, Mèt Robenson Pierre Louis gen plizyè akizasyon ki peze sou do l tankou Trafik enfliyans, Asosiyasyon malfektè. Li sispekte pou zak koripsyon. Li akize tou pou krim li komèt nan egzèsis fonksyon li.

Pou kounye a, ansyen manm Kabinè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la twouve li nan DCPJ pou suite nesesè yo.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : paj Facebook PNH la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *