Tout sa ou dwe konnen sou « Mabi »

Si ou nan Pòtoprens, zòn ki anviwonnen li yo ak kèk vil pwovens nou ka tande machann k ap di « Men my beer, glase my beer » se yon defòmasyon, an reyalite y ap rele  » men mabi » ki se yon bwason anpil moun renmen bwè pou divès rezon. Men kisa Mabi an ye? Poukisa li bon?

Nan tan lakoloni, esklav yo te konn bwè mabi pou yo te kapab genyen fòs, se yon plant ki bon pou plizyè maladi. Jounen jodi a, anpil Ayisyen bwè mabi, yo konn melanje li ak lòt plant.

« Mabi oubyen Mobi » se yon bwason ki fèt avèk ekòs bwa ki santi bon ki genyen yon gou pike. Yo prepare li a pati resèt ki la lontan pou kapab geri plizyè maladi.

Mabi a genyen anpil vitamin ak mineral, li netwaye san, lite kont anemi, rann zo yo solid, lite kont fatig e li bon tou pou gaz. Selon anpil moun ki espesyalize nan remèd tradisyonèl, mabi a pèmèt moun ki gen twò gwo yo pèdi grès.

Moun pa sèlman itilize mabi kòm bwason pou geri maladi, vakansye yo konn itilize l kòm rafrechi, yo melanjel ak glas, kanèl, vaniy, jiwòf elatriye.

Daprè yon etid byolojis Marilise Rouzier ak Doktè Nancy Charles Larco reyalize nan lanne 2009 sou trètman tradisyonèl maladi sik ak lòt maladi ki gen awè ak Kè, « Mabi » a kontribiye anpil.

Non syantifik mabi a se « Colubrina Elliptica ». Ayisyen koupe l, netwaye l, seche l epi bouyi li ak kanèl, po zoranj, jiwòf, esans miskad oubyen vaniy.

Kijan ou kapab fè mabi lakay ou?

Resèt

  • Pou fè Mabi lakay ou, men kisa w ap bezwen :
  • 3 tas dlo
  • 2 anetwale
  • 2 baton kanèl
  • 5 mòso ekòs mabil
  • 10 klou jiwòf
  • 2 fèy lorye
  • Ekòs zoranj seche
  • 1 kiyè vaniy ou esans miskad
  • 2 sik

Preparasyon

Nan yon kaswòl oubyen yon chodyè mete tout bagay yo bouyi. Desann li apre 5 minit, kite l kouvri e kite l frèt pandan 5 èd tan.

Lè li fin frèt, ajoute sik la ak 10 tas dlo apresa koule l nan yon paswa epi metel nan yon frijidè.

Ou bwè mabi deja? Si ou poko bwè li, fè l epi kite yon kòmantè.

Kredi Foto : Koukouwouj

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *