Pri kenèp ap monte : Yon plezi an mwens kote timoun yo pandan Vakans dete sa a

Pri kenèp ap monte : Yon plezi an mwens kote timoun yo pandan Vakans dete sa a

Kounye a, menm pou 10 goud kenèp yo pa bay ankò.

Pa gen twò lontan pase sa, lè gran vakans rive, timoun yo pare kò yo pou manje mango, mayi boukannen men sa ki bay plis fililng la se kenèp. Yo konn souse grenn nan. Yo konn mete l nan boutèy, mete kleren pou kapab fè sa yo rele  » punch « . Reyalite sa yo, tankou anpil lòt, prèske disparèt nan sosyete nou an.

Yon ti mache nan lari Pòtoprens mennen nou devan Mona yon machann kenèp ki depann de biznis sa pou li konbat ak lavi a

 » Kenèp la chè kounye a Kliyan. Li chè. Akoz nou achte li lwen paske pa gen lavil, epi nou peye pote l, nou oblije paka bay li pou piyay.  » esplike Mona ki pa pè mete dlo nan bouch li.

 » Lè nou te konn achte Lavi l, nou t konn vann kenèp pou 10 goud. Menm pou 5 goud yon Kliyan t ap jwenn. Pou kounye a, nou menm k ap vann la, akoz pri tout bagay k ap monte, nou pa kapab fè kado kenèp la.  » li kontinye pou l di.

Souse kenèp pandan vakans, se plezi anpil nan nou te konnen. Malerezman, timoun k ap grandi kounye a yo pap jwi. Se nan grate tèt, yon moun kapab deside achte 25 goud kenèp paske anverite se pou pri sa Mona tankou anpil lòt machann vann pou pi piti.

 » Se pou 25 goud kenèp mwen bay. Map oblije vann yon Kliyan pou 15 goud oubyen 20 goud men se pou 25 goud mwen kapab vann li pou pi piti. « 

Yon 25 goud kenèp kote ladan l ou pap jwenn 25 grenn. Se reyalite sa a timoun yo ap fè fas pandan Vakans yo. Sa ki fè nou admèt, yon lòt fwa ankò, lwazi pa egziste ankò an Ayiti.

Closeup bunch of whole fresh Melicoccus bijugatus Spanish limes with one peeled revealing soft juicy pulp on red surface

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *