Miragwàn : Komisè Muscadin mete fen nan lavi  » Klou Beton »

Miragwàn : Komisè Muscadin mete fen nan lavi  » Klou Beton »

Komisè gouvènman Maragwàn lan pa sispann fè pale de li nan jiridiksyon pa li a. Byen bonè nan maten nan jou ki lendi 8 dawou 2022, Jean Ernest Muscadin koupe souf yon bandi ki pote non « Klou Beton ».

Junior Civil alyas “Klou Beton” se non yon Zagoloray Komisè Muscadin mete yon bout nan lavi li maten lendi 8 dawou a. Dapre enfòmasyon yo, mouche Klou Beton ta vale dlo dan l pandan l nan wout pou l ale nan yon fèt nan komin Pò Sali. Komisè a te gentan gen enfòmasyon li nan yon bis.

Fòs lòd yo jwenn yon mouchwa ble ak 2 grenn katouch 5.56 nan pòch prezime vakabon san fwa ni lwa a. Klou Beton pral kloure yon lòt kote ak asasen parèy li.

Komisè Muscadin jire toutan li nan tèt pakè a, Miragwàn ap rete yon simetyè pou bandi. Li pa sispann vide gason atè, dènye ka nou konnen se te zo pwason ki te fè gwo pale nan laprès ak òganizasyon dwa moun yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *