Yon antrepriz revoke yon anplwaye aprè li fin anonse gwo salè l ap touche sou Tiktok

Poutèt yon jèn fi fè yon videyo kote l ap fè moun konnen kantite kòb l ap touche nan travay li, ebyen antrepriz la deside revoke pou l sa.

Se sitiyasyon sa yo tou rezo sosyal yo kapab kreye. Yon jèn fi nan eta Denver nan peyi Etazini pèdi travay li poutèt l ap pataje videyo pou l fè moun konnen gwo salè l ap resevwa. Sa ki pa fè dirijan antrepriz l ap travay la plezi epi yo revoke l pou sa.

Lexi Larson se non jèn fi sa ki pataje videyo pou fè moun konnen l ap byen viv gras ak nouvo travay li. Nan yon lane, li sòti nan yon pòs kote li t ap touche 70.000 dola nan yon ajans maketing pou li ale nan yon lòt antrepriz k ap travay nan domèn teknolojik kote yo ap ba l yon salè 90.000 dola chak ane. Yon bèl avanse anpil moun ta ka konprann.

Pou rezon sa, Lexi deside poste videyo sou rezo sosyal Tiktok pou li montre fason l ap viv, kijan li te fè tou pou li kapab jwenn djòb la epi kòman li fè pou li jwenn 20.000 dola kòm sipleman salè.

Yon videyo ki pa fè dirijan antrepriz la plezi ditou. Pou rezon sa a, yo mete l deyò nan bwat la menmsi an reyalite, tiktokèz la gen pwoteje pa National Labor Relations Act ki pèmèt li pale ak moun li vle de salè l.

Malgre jèn fi a siprime videyo yo tou swit aprè, sa pa anpeche li jwenn revokasyon l nan nouvo ttravay li a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *