Lapolis arete Miguel Laguerre, chofè chèf gang Ti Makak nan Laboul 12

Yon patrouy UDMO arete, ayè lendi 15 dawout 2022 a, nan Laboul 11, endividi ki pote non Miguel Laguerre. Daprè zotobre nan Lapolis la, li se chofè chèf gang k ap opere nan Laboul 12 la, TiMakak.

Nan yon nòt pibliye, lendi 15 dawout ki sot pase la, Lapolis Nasyonal anonse yon patrouy ajan UDMO mete men nan pat kasav Miguel Laguerre ki se chofè TiMakak, daprè sa yo fè konnen.

Endividi sila jwenn arestasyon l pandan li t ap kondwi yon INFINITI koulè nwa epi ki imatrikile BB: 76020. Nan moman ajan yo t ap arete l la, li pran yon bal nan pye goch li akoz li t ap tire sou ajan yo.

Pou kounye a, Miguel Laguerre ki gen 14 lane sou tèt li twouve l nan DCPJ. L ap tann lajistis poze l kesyon.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *