Parese, leve pou nou manifeste

Parese, leve pou nou manifeste

Chante a di « Parese leve pou nou bwè kleren », si nou prete kèk mo ladan l e ranplase kèk lòt ladan l ak mo pa nou e ba li sans pa nou, nou ta kapab di « Parese pou nou manifeste ». Mèt chante a a va eskize nou.

Lamizè, lavi chè, grangou, kriminèl zèfèyis k ap touye moun, volò ak vès k ap piye leta, enkonpetan k ap dirije, gaz k ap vann tèt nèg sou twotwa, kontenè bal nan Ladwàn, labank ak sektè prive magouyè, depite, senatè, minis kidnapè dechèpiyè, jaden bannann fantom, fatra mouch ak mò, dyòl sirèt nan bwat leta, se kalte bagay sa yo ki devan 2 nawè pèp Ayisyen men ki pa chwazi di anyen.

Nan yon moman se te Moïse Jean Charles ki t ap di nou soti, apre nou te vini genyen mouche mèt Newton Saint Juste ak konfrè Avoka pouvwa PM Ariel Henry a, Mèt Andre Michel. Nou rete yon sèl grenn jwè sou teren an ki se Ansyen senatè a ki ap fè ti jefò men ki ap di pawòl tèt anba tou. Se moun sa yo pandan 10 dènye lanne sa yo ki te mete kòd nan tèt nou pou nou te pran lari.

Tout kalamite sa yo n ap viv jodi a, chak Ayisyen ap di w y ap tann Pèp la. Eslogan an  » Pèp sa a se pèp zonbi » kòmsi moun sila yo pa nan pèp la. Ala traka papa! SE NOU TOUT KI FÈ PÈP LA. Kabrit ki pa gen kòd nan tèt li al manje nan patiraj kote li jwenn bèl zèb, toutan li pa jwenn manje l ap mache pi lwen poul fè vant li plen. Ki kote enterè Ayisyen yo ye menm? Antouka n ap dim. Jounen jodi a nou lage san bout kòd nan tèt nou.

Tout sa peyi a genyen ki presye prèske vann ak kolon blan pou de twa grenn diri pèpè ki pou touye vè nan vant nou alòske peyi a kapab pwodui manje pou pitit li. Men dirijan yo prefere fè konplo pou pote ban nou diri tchak tchak ki pou ban nou mega maladi. KÒD TRIP NOU NAN MEN LÒT GWO BLAN AK LÒT TI BLAN PO TENTE SEN DOMENG.

Leta Ayisyen gen 20% lekòl pou tout peyi a yon yon inivèsite ki tou an malmakak kote etidyan ap dòmi sou ban. Menm leta a pa an mezi pwoteje etidyan li yo k ap pran bal pandan y ap swiv kou. Bal sila yo se ta menm anakopolis nan pouvwa ki ta vann bandi yo li. 

Jij kowonpi ak komisè gouvèman ap lage gwo bandi ak machann zam sou presyon nèg ak gwo vès, gwo babin nan Leta a! Pitit pèp la ap mouri devan 2 nawè nou. N ap kontinye gade oubyen n ap aji.

Parese leve pou nou manifeste !

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *