Edikasyon : Kreyòl, lang ansèyman soti preskolè rive segondè kat (4)

Edikasyon : Kreyòl, lang ansèyman soti preskolè rive segondè kat (4)

Ministè Levasyon Nasyonal anfen rekonèt Kreyòl la kòm lang ansèyman soti preskolè rive nan klas segondè kat ( SIV). Se sa Nesmy Manigat ki se Minis Levasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la anonse jedi ki te 25 dawou 2022 a.

« Nan okazyon jou prezantasyon Liv Eskolè Inik an kreyòl pou premye ak dezyèm Ane Fondamantal la, Ministè Edikasyon kontan anonse chanjman ki fèt ane sa nan kad oryantasyon kourikoulòm nan. Kreyol : lang anseyman jiska dènye klas segondè. N ap vanse ti pa ti pa sou lekòl miltilang baze sou Kreyòl la », se sa Nesmy Manigat ekri sou kont twitè li.

Soti nan preskolè rive dezyèm ane se Kreyòl sèlman k ap itilize pou anseye timoun yo. Lang Franse a ap kòmanse itilize a pati twazyèm ane pou rive nan pi gwo klas segondè a.

Pou lòt lang yo tankou Angle ak Panyòl, yo dwe komanse anseye a pati twazyèm sik fondamantal pou rive segondè 4.

Si genyen anpil kritik men pou anpil aktè se yon bon mezi paske depi lontan lang franse a te prezante kòm yon baryè pou sèten elèv e menm pou kèk pwofesè. Genyen ki avanse pou di lang franse a se yon lang kolonyal, timoun yo paka aprann byen ak li si se pa lang manman yo ak papa yo ki itilize pou bon jan rezilta.

Crédit Photo : Nesmy Manigat

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *