Endistri Mizik Ayisyen an, yon sektè ki chaje ipokrizi ak pikankwenna

Endistri Mizik Ayisyen an, yon sektè ki chaje ipokrizi ak pikankwenna

Haitian Music Industry (HMI) se non sa a yo bay endistri mizik la an Ayiti ki anglobe tout tandans yo depi li se mizik. Nou genyen konpa ki se rit Ayisyen moun plis koute nan mond lan, genyen vodou, rap Kreyòl, rabòday, elatriye. Avèk evolisyon tan an kote gen plis lajan k ap bwase, n ap konstate anpil kouto k ap tire nan sektè sila a.

Animatè radyo, pwomotè, mizisyen, chantè, pwopriyetè gwoup mizikal, moun ki gen estidyo anrejistre yo tout moun sa yo fè pati sektè mizikal la An Ayiti. Nan dènye tan sa yo youn pa rive antann yo ak lòt, sa k ap joure lòt.

HMI la, yon endistri divize

  • Goumen ant gwoup ak gwoup

Depi lontan nou te konn asiste ak polemik ant gwoup mizikal yo kote youn te konn ap choute sou lòt nan respè, pou fasilite konpreyansyon nou te kapab pale de ti fawouch. Si n ap pran de gwoup kòm referans tout moun konnen se Tropicana ak Septan. Men pi pre nou la a nou te genyen Sweet Micky-T. Vice apre sa T.Vice-Djakout/ Kreyòl la – KREZI/ Kreyòl la Carimi / Mass Konpa – Nu Look / Mass Konpa-Disip / Barikad Crew- Rock Fam/ Baky Popilè- Roody Rood Boy

Men nou kapab konstate depi kèk tan polemik nan respè youn pou lòt la te vin tounen yon batay tout bon kote yon atis ap antre nan vi prive yon lòt sitou nan moman kanaval pou konpa a. Rap Kreyòl la li menm se pa pale, se gwo bif tout lajounen ant yon atis ak yon lòt. Bif sa yo konn pa chita sou mizik men pou kesyon fanm ki divize atis yo.

  • Goumen ant gwoup ak pwomotè

Pou yon gwoup kapab jwe anpil e fè lajan, li dwe genyen bon mizik epi yon pwomotè serye. Anpil fwa dapre sa nou aprann, pou yon gwoup kapab gen benediksyon pwomotè se akwentans, gwo bout lajan ak avantaj menm si gwoup mizikal la oubyen atis la ta ka genyen mizik ki ap byen mache.

  • Goumen pwomotè ak pwomotè

Ti peyi, ti sistèm. Batay ant pwomotè yo pa pitit nan HMI la. Anpil ladan yo paka reyalize pwogram paske gen lòt ki movèz fwa ki ap voye kraze yo. Se ka anpil pwogram ki te anonse e ki anile an Ayiti lakoz batay sa a. Nou kapab gade kijan dènye pwogram Dadju a te pase nan NH El Rancho kote se kout gaz lakrimojèn ki kraze evènman kiltirèl sila a.

Anpil moun poze ipotèz tou kote anpil pwomotè ta genyen sosis yo mare ak bandi anndan peyi a swa pou kreye Latwoublay pou pwogram anile oubyen al kraze pwogram. Se sak fè anpil entènot te poze kesyon sou reyisit Sumfest 2022 a kote te gen anpil Latwoublay epi jou sila tout bagay pase dous tankou siwo.

  • Goumen animatè ak gwoup mizikal oubyen yon atis

Pati sila a li menm se yon gwo koze. Anpil animatè radyo konn nan gwo bouch louvri ak yon gwoup oubyen yon atis sou baz yon analiz li konn fè oubyen li pa renmen fòm tèt moun yo. Nan ka sa yo, sa konn fè animatè a pa jwe mizik gwoup mizikal la.

Yon lòt bò tou, genyen anpil animatè radyo ki atache ak yon gwoup mizikal kote li alèz, lap jwe mizik li chak emisyon. E pandan tan sila a li konn pran choute sou yon lot gwoup ki anfas oubyen yon lot gwoup li jije ki kapab fè fas kare ak gwoup li a. Sa konn vin mennen yon lòt goumen ki se animatè ak animatè. 

Rezo sosyo yo, youn nan gwo sous divizyon an Ayiti

Jean Richard Hérard (Ritchie) mizisyen gwoup mizikal KLASS nan yon videyo mete aksan sou van divizyon, ipokrizi k ap soufle nan mitan aktè yo nan sektè mizikal lan nan peyi d’Ayiti. Li menm fè konnen li kapab fè yon kraze kite sa nan lanne 2023. Anpil lòt mizisyen plenyen tou, T. Joe Zenny konn pase sou kesyon an men l pa rete sitou ak dènye sa ki pale sou manifestasyon atis yo. Zagalo pale sou menm pwoblèm divizyon an, Pipo Saint Louis youn nan moun ki pi respekte nan Endistri a pale de tout pwoblèm sa yo. Men kisa ki fè yo p ap rezoud?

Pi gwo bagay anpil moun konstate ki ap detwi anpil pèsonalite ki enpòtan se Ayisyen ak fason li itilize entènèt la ak vye enterè mesken ki kache, malgre toujou genyen lòt bagay k ap wonje sektè mizikal la.

Animatè, mizisyen, pwomotè, enfliyansè, senp sitwayen prè pou yo di nenpòt bagay sou entènèt la pou rale dra a sou yo kòm bon moun pou yo monte epi yo detwi yon lòt. Oubyen yo jis itilize analiz ak sa y ap di pou yo kapab fè vyouz sou rezo sosyo yo epi fè lajan nan zetwal ak tout lòt avantaj sa genyen. Nou kapab ajoute tou men kache yo k ap founi yo gwo lajan pou yo di nenpòt bagay.

Dènye tan sa yo nou kapab konstate kòman Guy Wewe chwazi ap vann tèt li ak mizik Ayiti epi yon pakèt lòt moun se sou li yo fikse pou kalonnen li e menm antre nan vi prive li. Nou kapab pran Konpa Events, Gade Dodo ak yon pakèt lòt ankò ki chwazi kontribiye pozitivman malgre yo tout kapab genyen preferans yo.

Menm gwoup sa a tou k ap tire dra a sou yo a, se memm yo menm ki la ap denigre mizisyen, joure, blaze, di betiz malgre anpil nan yo konnen se manti y ap bay. Moun sa yo  ta ka resevwa non « bandi endistri a« .

Yon Endistri ki bezwen inite pou Ayisyen

Tout bagay kraze nan Peyi d’Ayiti, sèl sa ki te t ap fè jefò se endistri mizikal la malgre tout moman malouk kote mizisyen yo ak gwoup yo oblije refijye yo lòt bò lakoz ensekirite isit. Si genyen yon lot bagay ki kapab mete inite nan mitan yon pèp apre foutbòl se mizik. Se sak fè te gen Atis Pou Lapè e te gen gwo pwogram ki te fèt channmas ak Gracia Delva epòk li te nan Zenglen an 2022. 

Jodi a politik divize kèk atis vin mete sou divizyon ki egziste anndan endistri an menm. Men Anpil moun swete atis yo pran men yo pou ede Ayisyen rejwenn fyète yo nan pwodui bon bagay nan linite ak fratènite.

Jean Richard Hérard (Ritchie) : musicien du groupe KLASS/ Crédit Photo : Haïti Liberté

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *