Konkou admisyon Kanpis Henry Christophe Limonad la repòte

Konkou admisyon Kanpis Henry Christophe Limonad la repòte

Nan yon nòt pibliye nan dat 12 septanm 2022 a, dekana Kanpis Henry Christophe Limonad la anonse konkou admisyon pou ane akademik 2022-2023 a repòte pou dimanch 18 septanm k ap vini la.

Paske plis pase 800 postilan poko valide enskripsyon yo a la vèy dat inisyal konkou admisyon an ; paske plis pase 700 lòt ki gentan valide enskripsyon yo men ki poko rekipere fich ki pou ba yo aksè antre nan sant egzamen yo ; san konte sitiyasyon sosyopolitik peyi a ki kreye difikilte tout kalte ; ak nesesite pou pèmèt tout postilan yo gen menm chans, se ansanm pwoblèm sa yo ki pouse dekana Kanpis Henry Christophe Limonad la repòte konkou admisyon an.

Yon lòt kote, responsab Kanpis la prezante eskiz yo a kominote a pou desizyon sa a ki pa depann de volonte yo.

AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *