Pè Samson Pierre fè konnen « Legliz Katolik pa responsab soufrans ak mizè pèp la »

Pè Samson Pierre fè konnen « Legliz Katolik pa responsab soufrans ak mizè pèp la »

Nan kad yon pale ak laprès nan Jakmèl, ayè samdi 17 septanm nan, Pè Katedral Jakmèl Sen Jak ak Sen Filip la, Samson Pierre fè konnen Legliz Katolik pa enpòte zam nan peyi a. Li la pito pou l ede nan edikasyon ak zèv sosyal tankou evanjelize moun, daprè kire a.

Aprè eskandal ki te pete nan zafè enpòtasyon zam tout kalte nan peyi a kote non Li legliz Katolik te site, anpil moun pa sispann kesyone tèt yo sou vrè misyon legliz sila genyen an Ayiti. Nan kad yon entèvyou kire Katedral Jakmèl Sen Jak ak Sen Filip la te fè nan laprès, ayè samdi a, Samson Pierre fè konnen Legliz Katolik pa gen anyen pou wè ak soufrans pèp la.

Nan yon kontèks kote zak vyolans yo ap ogmante nan divès rakwen nan peyi a tankou nan depatman Latibonit la kote atak yo fèt kont enterè legliz Katolik la, kire a ale pi lwen pou li kritike otorite nan Leta a ki, daprè li menm, pa janm fè anyen pou anpeche peyi a rantre pi fon nan twou li twouve l la.

 » Otorite ayisyèn yo pa vin sévi peyi a men pou sévi tèt yo.  » li deklare. An menm tan, li pwofite mande dirijan yo pou yo panche sou vrè pwoblèm peyi a ap fè fas pou yo kapab pote solisyon dirab.

Pou Samson Pierre, gouvènman Ariel Henry a pa tande vwa larezon aprè li fin deside siyen dekrè ki konfime ogmantasyon pri pwodwi petrolye yo sou mache lokal la alòske pèp la te gentan kanpe dan kont desizyon sila.

Kire a konseye gouvènman an retounen sou desizyon l. Li fè konnen tou voye gouvènman sa a ale p ap rezoud pwoblèm nan men se konsyans responsab pou tout pitit peyi a pran pou nou kapab jwenn yon isi favorab nan kriz sa a.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *