Ayiti-pwotestasyon : Princess Eud pwopoze yon lòt plan batay

Ayiti-pwotestasyon : Princess Eud pwopoze yon lòt plan batay

Nan lide pou pote kontribisyon pa l nan mouvman revantikasyon popilasyon Ayisyèn nan, atis tout moun konnen sou non Princess Eud pwopoze yon lòt plan batay paske li ret kwè jan mobilizasyon yo ap fèt la a yo p ap mennen nou okenn kote.

Si divès sektè ap rejwenn batay pèp la, atis yo, anpil moun konn ap denonse kòm kwa sa pa entèrese yo, komanse ap pwononse yo sou kriz tout kalte sa a peyi a ap fè fas. Princess Eud, yon atis trè popilè pa pè mete dlo nan bouch li, nan yon piblikasyon sou paj Facebook li, pou li fè konnen mouvman mòde lage sa yo fenk kare antre nou nan tou.

Atis la ki kwè ekri bèl pòs pap chanje anyen, ale pi lwen pou li di se paske pèp la pa fè yon sèl, se paske li pa gen detèminasyon nan revandikasyon l ki fè yo pa janm pran l oserye.

« Rezon ki fè yo pa janm pete nan koton ba nou santi, se paske yo konnen nou pèdi fokus fasil, yo konnen nou paka kenbe pou lontan, yo konnen nou pa solidè, nenpòt kout kòb ka gaye foul la, yo konnen 3 jou kanaval ka rezoud tout bagay, yo konnen yon senp zen sou nèt la ka gaye wonnn nan, etc…, pa bliye yap dirije nou lontan e nou poko ka janm met bouda yo atè, sa vle di yo konnen nou twò byen menm, ki donk yo paka pran nou o serye. » li deklare.

Daprè chantèz la, li t ap pi bon si pèp la ta deside chanje taktik. Pou popilasyon an fè yon sèl. Sa ki t ap rann mouvman an pi solid pandan li t ap chwazi yon lidè pou reprezante l. Atis la fè kwè yon mouvman konsa li t ap premye moun ki t ap bay tout li menm.

« Aprè sa nap bezwen yon lokal kote nou ka rasanble, kote nou ka repliye, kote nou ka rekreye nou, kote nou ka travay sou plan nou yo, elatriye… » li kontinye pou l di.

Pou fini, li ankouraje popilasyon an kontinye manifeste pandan l ap òganize l pou li jwenn yon solisyon dirab.

Credit Photo : Loop Haïti News

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *