Khaby Lame fè 750 000 dola pou chak piblikasyon l fè sou TikTok

Nan yon entèvyou Khaby Lame bay yon medya ki pote non « Fortune « , TikTokè plis moun ap swiv nan mond la fè konnen li rantre 750 000 dola pou chak piblikasyon l fè sou rezo sosyal la.

Khaby Lame, ki gen 22 lane sou tèt li vin TikTokè plis moun ap swiv nan mond la aprè li fin depase amerikèn Charli D’Amelio nan mwa jen ki sot pase la a. Nan yon entèvyou vedèt rezo sosyal chinwa avèk « Fortune », li deklare li resevwa 750 000 dola pou chak piblikasyon l fè. Sa ki pral ba li posiblite pou l rantre 10 milyon dola nan lane 2022 sa a.

Anplis kontni TikTok yo, Lame ap fè lajan tou gras ak mak anliy yo ki pèmèt li genyen 400 000 dola pou chak clip li kolabore ladan l. TikTokè a genyen 450 000 dola pou patenarya li ak Hugo Boss pou patisipasyon l nan defile Fashion Week ki te fèt nan vil Milan.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *