Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm remèt sètifika bay plizyè jenn fanm ki t ap pran fòmasyon nan kosmetoloji

Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm remèt sètifika bay plizyè jenn fanm ki t ap pran fòmasyon nan kosmetoloji

Ayè vandredi 23 septanm 2022 a, plizyè jenn fanm resevwa sètifika aprè fòmasyon yo te resevwa nan kosmetoloji. Yon inisyativ Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm te pran nan tèt kole ak Anbasad Repiblik Chine (Taiwan).

Nan lide pou ranfòse kapasite ekonomik jenn fanm ki sòti nan divès òganizasyon nan peyi a, Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm te pran nan tèt kole ak Anbasad Repiblik Chine (Taiwan) te òganize yon fòmasyon nan kad pwojè relans ekonomik pou otonomizasyon fanm ki nan sitiyasyon difisil nan peyi dayiti. Sa ki ap pèmèt yo rive konbat vyolans tout kalte fanm yo ap sibi.

Nan sans sa a, ayè vandredi a, Ministè kondisyon Fanm ak Dwa Fanm remèt sètifika bay jenn fanm sa yo ki t ap pran fòmasyon nan kosmetoloji a.

AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *