Ensekirite | Peyi Etazini pral pini gang Ayiti yo ak tout lidè k ap sipòte yo

Ensekirite | Peyi Etazini pral pini gang Ayiti yo ak tout lidè k ap sipòte yo

Daprè jounal ameriken an Miami Herald, Peyi Etazini pral voye yon rezolisyon bay manm Konsèy Sekirite Nasyonzini, lendi 26 septanm k ap vini la a, nan lide pou tabli yon nouvo kad pou pini gang yo an Ayiti.

Ayè vandredi 23 septanm nan, nan yon entèvyou li bay jounal ameriken an Miami Herald, Sou Sekretè pou Afè Emisfè Lwès la, Brian A. Nichols fè konnen gen gwo rezolisyon ki pral pran nan Konsèy Sekirite Nasyonzini pou frennen lidè gang yo k ap alimante ensekirite a an Ayiti depi plis pase yon dizèn ane menmjan ak moun k ap sipòte yo tou.

Sekretè ameriken anvanse pi lwen pou l di moun ki fè pati gang oubyen k ap sipòte gang yon fason pou yo destabilize peyi a, pral fè fas ak sanksyon finansye ak obstak pou vwayaj entènasyonal yo. Li presize se Administrasyon Bidenlnan menm ki pral fè pase rezolisyon sila sa nan jou kap vini yo.

“Rezolisyon an pral kreye yon kad Nasyonzini pou sanksyone tout lidè gang ak moun ki  ap sipòte yo, fasilite ak finanse aktivite yo,” deklare sekretè eta ameriken an Brian A. Nichols.


AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *