Lapolis nan Lilavwa arete yon prezime kidnapè

Lapolis nan Lilavwa arete yon prezime kidnapè

Ayè jedi 13 oktòb la, Lapolis nan Lilavwa mete anba kòd Jolicoeur Romain alyas “coucou”. Endividi sila ta enplike nan zak kidnapin sou yon granmoun 70 lane.

Nan yon nòt Lapolis Nasyonal mete deyò, li fè konnen fòs lòd yo nan Lilavwa arete Jolicoeur Romain alyas “coucou”. Daprè PNH la, endividi sila ta enplike nan zak kidnapin ak sekestrasyon sou yon granmoun 70 lane.

Enlèvman sa a te fèt nan lannuit 12 pou rive 13 oktòb ki sot pase a la, toujou nan Lilavwa. Lapolis ki te enfòme, te afekte plizyè ajan nan sou komisarya Bonrepo a pou kapab jwenn otè zak sila.

Nan fouy chèf lòd yo te mennen nan plizyè kay abandone nan zòn nan, yo te rive idantifye kay kote kidnapè yo te ye a. Sa ki ta pral oblije malfra yo libere viktim nan epi pete kouri.

Lapolis te rive met men nan pat kasav Jolicoeur Romain alyas “coucou”. Prensipal otè zak kidnapin nan anpil moun konnen sou non Peter te chape pou l li. Yon endividi fòs lòd yo ap chèche pou kounye a menm jan avèk Claudenet alyas “Piti Resan”.

AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *