Jistis : Joseph Félix Badio voye somasyon bay plizyè pèsonalite piblik pou difamasyon

Jistis : Joseph Félix Badio voye somasyon bay plizyè pèsonalite piblik pou difamasyon

Akize kòm otè entèleksyèl zak asasinay sou prezidan Jovenel Moïse, Joseph Félix Badio, Lapolis nasyonal ap chèche kou chen fou, sòti nan silans li pou li voye somasyon bay plizyè pèsonalite piblik. Li akize yo kòmkwa yo fè difamasyon ak lage vye akizasyon sou do l nan sa ki konsène dosye lanmò prezidan Jovenel Moïse la.

Lukner Désir, Esaüe Cesard, Garry Pierre Paul Charles ak Pierre Espérance se ansanm pèsonalite sa yo Joseph Félix Badio tanmen pouswit jidisyè dèyè yo, jounen mèkredi 19 oktòb la. Daprè li, endividi sa yo ki nan laprès la ak òganis k ap defann Dwa Moun yo fè difamasyon ak bay manti sou li nan kad dosye asasina ansyen prezidan an.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *