Mis Ajantin 2020 an ak Mis Pòtoriko 2020 an marye san moun pa t konnen

Mis Ajantin 2020 an ak Mis Pòtoriko 2020 an marye san moun pa t konnen

Mariana Valera ki se Mis Ajantin 2020 an ak Fabiola Valentin ki se li menm Mis Pòtoriko toujou nan menm ane a, anonse sou Instagram yo marye.

Mis Ajantin 2020 an ak Mis Pòtoriko 2020 an ki se respektivman Mariana Valera ak Fabiola Valentin anonse yo marye depi 28 oktòb ki sot pase a la. Koup la ki te kenbe relasyon an sekrè depi 2 lane deside fè tout moun konn sa.

De (2) Mis yo te rankontre nan konkou  » Miss Grand International  » ki te fèt nan vil Bangkok, kapital peyi Thaïlande, an 2020. Youn te advèsè lòt. Mariana Valera gen 26 lane, Fabiola Valentin gen 22 lane li menm.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *