Jistis|-. Lapolis arete Fednel Monchéry ki te ansyen Direktè jeneral MICT.

Jistis|-. Lapolis arete Fednel Monchéry ki te ansyen Direktè jeneral MICT.

Ansyen direktè jeneral Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal Peyi Dayiti, Fednel Monchéry jwenn arestasyon li nan zòn Chandmas pandan Lapolis tap fè fouy li abitye konn fè sou kèk machin. Li tap sikile nan yon machin Toyota Land Cruiser nimewo plak li se : OF 00051 . Ansyen direktè a fèmen nan komisarya Pòtoprens selon enfòmasyon redaksyon Haitimes genyen.

Non mouche Fednel Monchéry te site nan masak ki te fèt nan zòn Lasalin kote plizyè moun te mouri ak plizyè kay te boule selon sa plizyè oganizasyon dwa moun nan peyi Dayiti ak Peyi lòt bò dlo te fè konnen. Non ansyen Delege Depatmantal Lwès la, Pierre Richard Duplan, li menm tou te site nan masak sa yo.

N’ap raple ke yo repwoche mesye sa yo ke yo tap founi bandi yo zam ak minisyon pou teworize moun nan katye popilè kote masak sa yo fèt. E yo akize yo tou kòm kwa yo ta founi bandi yo inifòm Lapolis.

N’ap raple depatman Tezò Ameriken komdane Fednel Monchéry, Pierre Richard Duplan ak Jimmy Chérisier alyas « Barbecue » pou vyolasyon dwa moun. 3 mesye sa yo pa kapab antre nan peyi Etazini e otorite ameriken ap sezi byen yo posede nan peyi a si yo genyen.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *