Jistis|-. Fednel Monchéry, ansyen Direktè jeneral MICT a, jwenn liberasyon li.

Jistis|-. Fednel Monchéry, ansyen Direktè jeneral MICT a, jwenn liberasyon li.

Fednel Monchéry, ansyen direktè jeneral Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo ke Lapolis te arete nan jou samdi 13 fevriye 2021 an, jwenn liberasyon li nan menm jou a dapre enfòmasyon ki disponib. Akize nan dosye masak Lasalin, ansyen wo diyitè a te genyen nan machin li tap sikile a pou pi piti twa plak machin, ladan yo genyen ki pou Leta (S.E.).

Fenel Monchery ki se ansyen direktè jeneral ministè enteryè ke anpil òganizasyon te lonje dwèt sou li nan zafè touye ak boule kay moun nan katye popilè Lasalin rive libere apre Lapolis te fin mete men sou li nan fouy ke yo tap fè sou chandmas. Otorite polisyè yo te fèmen li nan Komisarya Pòtoprens.

Ansyen wo diyitè Leta a te genyen avèk li pou pou pi piti 3 plak machin, ladan yo plak Leta. Selon enfòmasyon yo, ta sanble yo lage mouche Monchéry paske yo repwochel de yon senp kontravansyon ke li ta komèt alòske gen yon jij ki te mete manda dèyè li.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *