Ensikirite|-. Anpil kout zam otomatik tire nan matisan maten vandredi 12 mas la, pou pi piti 2 polisye mouri.

Ensikirite|-. Anpil kout zam otomatik tire nan matisan maten vandredi 12 mas la, pou pi piti 2 polisye mouri.

Depi plizè jou, moun Matisan ak moun ki ap fè wout la ap konnen gwo sitiyasyon malouk lakoz bandi zèfèyis ak gwo zam ki ap twoke kòn yo ak Lapolis. Bonè nan maten vandredi 12 mas 2021 an, bandi yo t ap fè zam yo chante nan katye popilè sa a sa ki vin mete abitan yo, chofè kamyonèt ak pyeton yo abrite yo. Zòn lan blanch, pa gen sikilasyon.Gen omwen 2 ajan polisye ki pèdi lavi yo nan operasyon sila a e bandi yo sezi plizyè materyel polis nasyonal la pami yo yon cha .

Nan yon operasyon avòte Lapolis mennen nan Vilaj de Dye nan maten vandredi 12 mas la, pou pi piti 2 polisye mouri e bandi yo pran plizyè materyèl pami yo zam ak yon cha blende ki pou SWAT.

Polisye sa yo ta mouri apre cha a te fin tonbe nan w twou ke bandi yo te fouye pou pyeje Lapolis. Pami 2 mò nan Lapolis yo genyen yon ajan SWAT ke bandi yo rache ak manchèt.

Fòk nou siyale tou ke ajan sa yo ki te nan vilaj la t ap mande ranfò, e ke wo grade yo pat janm voye ki koz yo mouri e gen lòt ankò ki te anndan vilaj la kote bandi yo te kontoune yo.

Apre gwo dram sila a anpil moun endiye, gen sa ki paka kache pou esprime tristès ak lakòlè yo sou rezo sosyo yo.

Eske n ap kontinye konte mò san anyen pa janm fèt pou ankadre Lapolis la? Dosye a swiv.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *