Seri mouvman pwotestasyon ki deklanche nan kat (4) kwen peyi a soulve enkyetid anpil aktè nan vi nasyonal ak entènasyonal la. Se nan optik sa a, Juan González, yon wo responsab administrasyon Biden nan pou Amerik latin ak Karayib yo deklare, ayè lendi 19 septanm nan, jounal Miami Herald la rapòte, se aktè ekonomik yo ki deklanche mouvman pwotestasyon yo an Ayiti.
» Se yon seri moun ki pa p menm viv nan peyi a, ki gen gwo kay toupatou sou latè, ki bay lajan pou moun yo kapab foule makadam nan. » Juan González fè konnen.
Aprè yon premye semèn mobilizasyon nan divès rakwen nan peyi a ki te abouti ak deklarasyon Premye Minis Ariel Henri ki soulve kòlè popilasyon an pi plis, jounen lendi 19 septanm nan, anpil barikad te kontinye drese tout kote pou pouswiv seri mouvman pwotestasyon yo pou mande depa PM san pèdi tan.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com