
Nan lannwit 12 pou louvri jodi 13 jiyè a, nan Zile Lagonav, yon mari rive touye madanm li aprè yon ti bouch louvri ki te gen antre yo.
Ashley Cantave, 22 lane, se non yon demwazèl ki rive pèdi lavi li pandan li nan yon ti bat bouch ak mari l. Daprè anpil sous, mari li, yo pa rive idantifye, ta sanble bat li jouk tan li rive touye l.
N ap raple se dezyèm ka vyolans nan mwens pase yon semèn, aprè ka doktè ki te bat madan m li an jiskaske li pete zye l, laprès pote enfòmasyon an.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com