Atis K-dilak mande tout sektè leve kanpe pou di « ASE »

Atis K-dilak mande tout sektè leve kanpe pou di « ASE »

Joubite Dessalines tout moun konnen sou non atis K-dilak nan plizyè mesaj li ekri sou paj fesbouk li jou ki te vandredi 16 septanm lan, endiye pa rapò ak fason peyi a ap fonksyone e jan Ayisyen ap viv. Atis la mande tout sektè leve kanpe kont tout zak malonèt pou kapab chanje Ayiti.

Menm si tout lòt atis yo genyen lang yo ki kloure lakoz tout bagay politize, K-dilak youn nan atis ki trè popilè pa kache fwistrasyon li e leve vwa li pou di Pèp Ayisyen bouke. Nan yon seri mesaj li mete sou paj fesbouk li, chantè a mande tout sektè pou « Leve kanpe » kont tout zak malonèt ki ap fèt nan peyi a pou Ayisyen kapab viv tankou moun.

« Jan bagay la ye la, nou paka ret chita ap gade… Atis, jounalis, Medya, ann leve kanpe kont tout zak malonèt…nouvle viv tankou moun, Ayiti se peyi nou, nou paka kite li nan eta sa a. Ann goumen pou rekanpe fyète nasyon sa a »,se sa K-dilak ekri.

Entèprèt mizik « Malere pa Chen » an denonse jan tout bagay politize, sa ki fè anpil sektè pè pale pou yo pa mouri. Li rapouswiv pou li fè konnen pa gen moun ki an sekirite, tout moun nan menm bato si gen nofraj, tout moun ap koule.

« Anpil sektè pè pale paske tout bagay politize anpil pè mouri…ebyen pa gen okenn moun isit ki sekirize nenpòt jan nou nan menm bato, si gen yon nofraj nou tout nèt ap koule. Pèsonn pa epanye » se sa K-dilak poste nan yon dezyèm mesaj sou rezo yo.

Pitit Miragwàn lan reyaji tou sou eleksyon ki pa janm fèt fèt. Pou li Gouvènman an p ap janm fè eleksyon, l ap kreye ensekirite ki se yon estrateji pou li kapab kenbe pouvwa a.

N ap raple Apre Baky Popilè ki te voye mesaj konsolasyon pou Pèp la, K-dilak se dezyèm atis ki reyaji sou sitiyasyon malouk peyi a ap konnen. Mesaj sa yo vini nan yon moman kote atis yo fèmen bouch yo apre gwo bouch louvri ant Tonton Bicha ak T. Joe Zenny sou zafè lajan manifestasyon kont Jovenel Moïse nan lane pase yo.

Credit Photo : Mag Haïti

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *