Ayiti-Kriz Gaz|-. Yon bokit dlo koute jiska 35 goud nan Pòtoprens ak kèk lòt zòn ki antoure li

Ayiti-Kriz Gaz|-. Yon bokit dlo koute jiska 35 goud nan Pòtoprens ak kèk lòt zòn ki antoure li

Kriz gaz k ap ravaje peyi d’Ayiti a genyen gwo konsekans sou tout sektè nan lavi nasyonal la. Pri Pwodui ki pi enpòtan yo ap monte chak jou, mete sou sa genyen yon rate dlo ki vin anpire sitiyasyon an. Nan Pòtoprens, yon sitwayen bezwen jiska 35 goud pou li posede yon bokit dlo.

Manje ak dlo tounen yon liks pou Ayisyen an 2021. DINEPA anonse ke li pa genyen gaz pou fè distribisyon, pandan tan sa a tou kamyon ki konn pote dlo yo ogmante pri dlo a jiska 7500 goud pou yo pote li e pri a varye selon zòn ou ye ki ka menm fè li rive jiska 10 mil goud.

Dlo enpòtan anpil pou kò moun, selil ki nan kò nou bezwen anpil dlo pou li fonksyone alòske jodi an nan peyi an pa genyen dlo pou moun bwè, benyen epi fè manje. 

Anpil sitwayen ap plenyen lakoz sitiyasyon sila a ki pa sipann deteryore chak jou, kote otorite nan leta yo pa janm pran okenn desizyon pou pèp la rale yon souf.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *