Ayiti|-. Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la mande peyi Larisi ak Lachin pou yo pa renouvle manda BINUH

Nan yon lèt tou louvri, 30 òganizasyon nan sosyete sivil la mande prezidan peyi Larisi a, Vladimir Poutine ak prezidan Repiblik Popilè Lachin, Xi Jinping pou yo kanpe an kwa nan zafè manda BINUH a Nasyonzini gen pou l renouvle.

Ensekirite ak ansanm lòt kriz ankò ki anvlimen sitiyasyon peyi a, lakòz yon trantèn òganizasyon nan sosyete sivil la, nan yon lèt tou louvri, mande Peyi Larisi ak Repiblik Popilè Lachin pou yo enpoze  » dwa veto  » yo genyen sou desizyon ki pral pran nan Konsèy Nasyonzini pou renouvle manda BINUH.

Fas ak sitiyasyon enstabilite tout kalte peyi a ap fè fas, Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, rekòmande pou renouvle manda BINUH a pou 12 mwa ankò (jiska mwa jiyè 2023). Manda enstans ONU a ta dwe pran fin vandredi 15 jiyè k ap vini la.

Pou reyaji kont desizyon sila, òganizasyon ki siyen lèt la deplore ak tout fòs yo epi rekonèt tou echèk divès misyon Òganizasyon Nasyonzini yo nan peyi Dayiti.

Daprè yo menm, misyon sa yo initil, yo pa pote okenn solisyon nan pwoblèm k ap bwase bil peyi a. Yo fè konnen tou, divès misyon Nasyonzini sa yo sou tè Ayiti a, gen responsablite yo nan sitiyasyon enstabilite tout kalte peyi a ap fè fas sitou sa ki gen a wè ak vyolans gang ame yo nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn nan.

Pou kapab mete yon bout nan seri misyon ONU sa yo ki ilegal, daprè yo menm, an referans ak sa ki di nan konstitisyon peyi a (at.98-3, 139 et 276) ak Konvansyon Vienne nan sou dwa trete (At.14), òganizasyon sa yo swete gen yon rezolisyon ki pran atravè yon vòt.

30 òganizasyon sa yo ki siyen lèt la mande pou yo voye yon komisyon ki endepandan prese prese, k ap gen ladan l reprezantan Larisi ak peyi Lachin, k ap vin evalye nivo konplisite Madam Helen Meagher La Lime, reprezantant BINUH a ak gwoup gang ame kap twoke kòn yo sou teritwa a. Komisyon sa a ap gen tou pou li evalye 18 ane akonpayman ONU ki kondwi peyi a nan kawo li twouve l jounen jodi a.

[1] Reprezantan òganizasyon ki siyen lèt la :
1) Camille CHALMERS / Papda
2) Rudy PRUDENT / Ksil
3) Josué MERILIEN / Konbit
4) Saico JMS TOUSSAINT / Platfom Ayiti Vet (Pav)
5) Peguy NOEL / Unnoh
6) Léonard Jean Reynal NAU / Espas Mobilizasyon Nasyonal
7) Kerby JOSEPH / Rezo Oganizasyon Nòdwès
8) Régent FONTAINE / Fowom Sitwayen nan Sid (Fosid)
9) Lainé LOUIS / Rezo Oganizasyon Peyizan Marigo
10) Francia Felix DESIR / FANM VANYAN
11) Marc ANDRE / Fòs Rezistans Dèlma
12) David OXYGENE / Moleghaf
13) Fritznel CLERVEAUX / Fòs Delma 32
14) Dominique SAINT ELOI / Cnoha
15) Gary Lindor/ Mossoh
16) Rosnel JEAN-BAPTISTE /Tèt Kole Ti Peyizan Ayisien
17) Junior Venès MANNY/ Udes-HAITI
18) Moïse THOMAS/ACA
19) Reyneld SANON / KAYLA
20) Edmond LOMINY/ Antèn Ouvriye
21) Ernest BOLIVAR / Konbit Sitwayen Kont Enpinite
22) Gédéon Junior GEORGES / Fosympo
23) Raymond FREED / Moconje
24) Gérald Exantus ALERTE / MCSH
25) Josué BONHOMME / MSTH-ROZO
26) Odson ROMEO/ Asosyasyon Anseyan Sen Rafael
27) Jean Hénold BUTEAU/ Alternative Socialiste ( As)o
28) Rigaud Vélumat / Latibonit Kanpe pou Ayiti (Lakay)
29) Donald Noelsaint / Morelim
30) Michel Frantz GRANDOIT/ Fondasyon Jean Marie Vincent

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *