AYITI-SEKIRITE|-. Lapolis touye yon prezime bandi  » Ti Kanna « , 3 lòt arete, zam ak lòt materyèl konfiske

Nan yon nòt PNH la met deyò, li fè konnen, ayè lendi 11 jiyè a, yon detachman Lapolis, nan komin Akil nan Nò peyi a, fè yon prezime bandi vale dlo dan l, nan kad yon entèvansyon yo t ap mennen nan yon lokalite ki rele (Haut du Bourg).

Wesly JOSEPH ki gen ti non jwèt li « Ti Kanna », se non yon prezime kriminèl Lapolis jwenn bout li, nan kad yon operasyon yo t ap mennen nan komin Akil nan Nò. Endividi sila avèk zam nan men l ki t ap simen panik nan zòn nan pandan l ap ransonnen responsab yon chantye, te tonbe tire sou yon bakòp polisye ki t ap tante arete l.

Fòs lòd yo rive sezi pistolè prezime bandi a ki gen 23 lane sou tèt li. Pistolè a gen mak  » Smith & Wesson  » kalib 9 mm.

Toujou nan kad entèvansyon an, twa (3) lòt endividi yo ta rive gen soupson sou yo, pran kòd. Dorsainvil Chanley ki gen 22 zan, Marc Olivier Pierre Louis, 17 tan ak Ketia Leonard ki gen 32 lane sou tèt li.

Yon lòt bò, ajan PNH yo konfiske plizyè materyèl tankou yon chajè, twa (3) katouch, twa (3) douy, yon pwojektil, twa (3) telefòn menm jan ak twa (3) mouchwa ki gen koulè jòn, nwa, ble, daprè sa ki di nan nòt sila.

Pou konkli nòt la, Lapolis Nasyonal la raple Wesly JOSEPH, alias « Ti Kanna » te gen avi rechèch dèyè l pou zak sasinay li ta komèt sou Calixte Jean.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : paj Facebook PNH la

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *