De (2) moun ki te divòse remarye apre 12 lanne

De (2) moun ki te divòse remarye apre 12 lanne

Se pa yon bagay moun fasil tande e wè. Nan kilti nou nan peyi d’Ayiti, nou toujou di sa Bondye sere pou ou lavalas pa ka ale avèk li oubyen nou di moun Bondye ini pèsonn paka dezini yo. Ebyen apre 12 lane divòs, 2 ansyen patnè retounen ansanm e yo remarye.

Non li se Jean Paul Tchoumdou, yon gwo save nan zafè kominikasyon. Li se pwodiktè yon gwo emisyon sou Kanal 2, yon chèn Televizyon nan peyi Kamewoun. Li se yon pasyone tou de maketìn.

Premye maryaj li ak madanm ki pote non Stella Michèle li te selebre nan lanne 2007, yo divòse an 2010, 12 lanne apre yo remarye. Maryaj la te selebre nan peyi Lafrans ayè vandredi 22 jiyè 2022 a.

Se yon bagay anpil moun ta swete apre yon separasyon men ki pa fasil rive.

Credit Photo : Médiatude

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *