DG Lapolis la, Frantz ELBÉ, diskite avèk Chaje Dafè Anbasad Etazini a nan Pòtoprens

DG Lapolis la, Frantz ELBÉ, diskite avèk Chaje Dafè Anbasad Etazini a nan Pòtoprens

Ayè mèkredi 13 jiyè 2022 a, kòmandan an chèf Lapolis Nasyonal la, Frantz ELBÉ diskite avèk Chaje Dafè Ambasab Etazini a nan Pòtoprens, M. Eric Stromayer

.

Daprè Biwo kominikasyon Lapolis Nasyonal la, DG Lapolis Nasyonal la, Frantz ELBÉ diskite avèk Chaje Dafè Anbasad Etazini nan Pòtoprens, M. Eric Stromayer, ayè mèkredi a. Diskisyon sa a fèt nan kad premye rankont nimewo 1 PNH la ak diplomat ameriken an ki te antre an fonksyon, nan peyi Dayiti, 3 jiyè ki sot pase a.

Nan menm okazyon an, Direktè Jeneral a.i PNH la afime yon fwa ankò volonte administrasyon li a genyen pou l kontinye ranfòse kapasite Lapolis la nan sa ki gen pou wè ak ansanm operasyon li gen pou li mennen sou teritwa nasyonal la. Yon ranfòsman ki jwenn sipò Kowoperasyon amerikèn nan atravè  » International Narcotics and Law (INL) « .

Nan rankont sila, twa (3) lòt Direktè Santral Lapolis la te prezan. enspektè Joany Canéus ki se Direktè Santral Lapolis Administratif, enspektè Frédéric Leconte ki se li menm Direktè Santral Lapolis Jidisyè epi M. Wency Bien-Aimé ki se Direktè Santral Lapolis Administratif ak Sèvis Jeneral. Mme Jennifer Mergy ki se Direktris INL te prezan tou.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : paj Facebook PNH la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *