Dosye migrasyon |-. Otorite peyi Kiba entèsepte yon bato Ayisyen ki t ap eseye antre Etazini

Otorite peyi Kiba yo fè konnen yo entèsepte yon bato ki te genyen 200 migran Ayisyen ladan l, lendi 27 jen pase a.

200 se kantite migran Ayisyen ki te pran lanmè nan yon bato pou te rann yo nan peyi Tonton Sam. Pandan yo te rive nan nò  » Caibarién  » nan sant kiba, rèv sila pat rive abouti paske gad kot peyi Kiba yo te idantifye yo epi mennen yo sou teritwa kiben an nan lide pou yo ba yo swen, daprè sa otorite peyi Kiba yo anonse nan yon kominike, nan dat 28 jen pase a.

Nan menm komite sa, otorite kibèn yo deklare yo pote sekou a 200 migran Ayisyen sa yo anvan yo rapatriye yo an Ayiti sou 6 vòl ki gen pou destinasyon peyi Dayiti, nan ayewopò entènasyonal Abel Santamaría de Villa Clara.

Pou kounye a, migran sila yo twouve yo nan yon sant tanporè kote y ap tann posedi imigrasyon yo abouti.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Exode News

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *