
Nan yon kominike pou laprès, jodi mèkredi 6 jiyè 2022 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl deklare egzamen ofisyèl yo, pou ane 2022 a, se yon reyisit pou tout moun.
Nan dat ki make kloti egzamen ofisyèl Bak inik la, Ministè Edikasyon Nasyonal la fè konnen tout eprèv yo te byen déwoule sou tout teritwa nasyonal la. Enstans ki responsab edikasyon nan peyi a pa nye non plis kèk ensidan yo te anrejistre tankou deplasman sant egzamen ak reta ki te genyen nan distribisyon tèks yo nan kèk sant egzamen.
Nan menm okazyon sila, titilè Ministère a, Nesmy Manigat pwofite remèsye tout aktè ki te patisipe yon fason oubyen yon lòt pou rann posesis la vin yon reyisit. Yon pouwès malgre tout difikilte ki te prezante espesyalman sa ki gen pou wè ak klima ensekirite a.
Minis la pwofite raple tou ansanm aktè ki gen pou trete ak korije tèks egzamen yo pou yo kòmanse mobilize yo pou rezilta yo kapab disponib nan yon pi bon delè.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source: paj Facebook MENFP