Enflasyon anyèl nan peyi Dayiti atenn 29% pandan mwa jen ki sot pase a. Se pi wo nivo li atenn depi 2003.
Enflasyon an ap grenpe nèt ale. Lavi chè, pri pwodui yo k ap monte chak jou Bondye mete, se reyalite sa peyi a ap fè fas pandan okenn desizyon pa janm pran pou konbat grangou nan peyi a.
Daprè Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI), enflasyon anyèl nan peyi Dayiti atenn 29% pandan mwa jen ki sot pase a. Se pi wo nivo li atenn depi 2003.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com