Ensekirite : bandi a zam vòlè yon anbilans pou Sant Anbilansye Nasyonal epi kenbe chofè a

Ensekirite : bandi a zam vòlè yon anbilans pou Sant Anbilansye Nasyonal epi kenbe chofè a

Sant Anbilansye Nasyonal (CAN : Centre Ambulancier National)nan yon nòt ki pote dat 21 jiyè 2022, enfòme tout popilasyon an, laprès ak Lapolis epi lajistis bandi ak zam nan Kwadeboukè vòlè youn nan anbilans li yo epi kenbe chofè a.

Bandi a zam nan Kwadeboukè vòlè yon anbilans Sant Anbilansye Nasyonal jou ki te mèkredi 20 jiyè 2022 a. Nimewo Plak machin sa a se : SE-03985, Mobil 211. Zagoloray yo kenbe an otaj chofè a ki pote non Michel JOSEPH.

Anbilans lan te nan wout pou li ale Tyòt kote li afekte, dapre sa Ernst Augustin ki asistan direktè CAN lan fè konnen.

Sant Anbilansye Nasyonal ap mande tout moun pou yo pridan si yo ta wè Anbilans lan nan zòn yo e li pa gen anyen awè ak tout zak ki ta komèt ak li, selon sa yo ekri nan nòt la.

Kredi Foto : VBI

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *