Fè jèn, yon mwayen natirèl ki favorize lasante

Fè jèn, yon mwayen natirèl ki favorize lasante

Daprè Bruno Comby, nan yon liv li ekri ki gen pou tit  » Mangez mieux, vivez mieux ! La méthode Comby « , jèn pa moman, se yon metòd efikas pou kapab rete an sante. Se lè yon moun oubyen yon bèt, pou yon rezon oubyen yon lòt, deside pa manje anyen pandan yon peryòd detèmine.

Dr Paul Carton, li site nan liv li a, fè konnen aksyon favorab sa jèn nan gen sou lasante, an jeneral, gen pou wè ak repo visè ki nan kò moun yo jwenn lè yo pa jwenn manje. Li gen pou wè tou ak ekonomi fòs disponib yo epi eliminasyon anpil move materyo kò moun akimile an rezèv grès epi ki toksik.

Kibò metòd  » Jèn  » sòti?

Se yon pratik ki egziste depi nan Antikite. Bèt yo jene tou lè yo malad. Sa ki vle di yo pa manje nan moman sa a.

Jèn se yon metòd lasante ki te toujou egziste depi lè moun gen konsyans moun menm anvan tou. Paske, moun yo ki t ap viv sèlman de sa lanati a ofri yo, pa t toujou jwenn manje. Sa ki te konn lakoz yo oblije jene pandan plizyè jou oubyen pa manje anpil padan plizyè semèn. Sa ki fè jèn nan tou kapab fèt pa ensten tou menm jan ak bèt yo.

 » Jèn  » nan tan kounye

Nan tan kounye a, jèn itilize pou sa ki gen a wè ak terapi. Pifò relejyon tou mete li anvalè pou rezon ki lye ak espirityalite : Kretyen yo gen  » jèn paskal  » au  » jèn pa semèn « , Mizilman yo gen  » Ramadan « , Izrayelit yo, Endou yo ak Boudis yo tou konnen jèn se yon metòd pou pirifye kò a menm jan ak lespri a.

Lamedsin rekonèt li apati ventyèm syèk (20yèm syèk) la gras ak Doktè Shelton ak Carton. Sa ki fè jounen jodi a, anpil klinik, nan plizyè peyi pwopoze li ak pasyan yo sou yon kontwòl mesikal ki estrik anpil.

Sa pou tout moun konnen, tout sa ki bon depi ou fè eksè ladan l sa rann li vin nuizib. Se menm jan tou pou jèn nan. Li gen prensip li. Li gen mòd fonksyònman ak règ li moun ki deside jene a dwe respekte.

Kèk prensip lè yon moun ap jene

Pou yon granmoun ki gen lasante, l ap trè benefik pou li si li ta deside jene pandan yon you detanzantan.

Menm jan ak espò, lè yon moun fenk kòmanse metòd sa a, li dwe limite dire a (pa ale twò fò zanmi m. Wòm pat fèt nan yon jou). Li pral ogmante lè li kòmanse ap abitye avè l.

Manje bon se vre. Yon bon alimantasyon pèmèt yon moun djanm, fè li gen fòs ak enèji pou li kapab travay. Manje anpil anpil ak manje mal la se yon lòt bagay. Li ka gen gwo enpak sou lasante moun. Yon ti jèn yon lè konsa pa p deranje. Sote yon repa, mond la pap fini pou sa.

Zanmi m kisa wap tann pou kòmanse  » jene « ?

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *