
Aprè tout pale anpil nan laprès ki ta fè kwè CR7 pa antre nan plan Erik Ten Hag pou sa, jodi a nan premye konferans pou laprès li depi li angaje ak klèb anglè Manchester United sezon sa a (2022-2023), li fè konnen entènasyonal Pòtigè a p ap fè yon pa kita yon pa Nago.
» Cristiano Ronaldo pa pou vann, li rantre nan plan ekip la pou sezon sa. Li pa avèk nou akoz pwoblèm pèsonèl li ta genyen. » se sa antrenè olandè a ki angaje l pou vin antrene » Reds Devil » yo, Erik Ten Hag fè konnen.
Jwè ki gen 5 balon dò a ki te rejwenn ekip mankounyèn nan sezon pase, gen anpil rimè ki t ap sikile e ki ta sanse fè kwè nouvo manadjè a pa bezwen l nan ekip la fòme pou nouvèl sezon an.
Nan konferans pou laprès, entènasyonal batav la demanti tout rimè sa yo
» Nap planifye avèk Cristiano Ronaldo sezon sa, se tout sa m kapab di… Mwen pa ka tann pou nou komanse travay ansanm. » deklare ansyen antrenè klèb olandè a, Ajax Amsterdam.
Pou kounye a, nimewo 7 » Reds Devil » yo poko rejwenn estaf la pou reprann antrènman an gwoup yo. Daprè enfòmasyon ki t ap sikile, ta sanble entènasyonal Pòtigè a gen pwoblèm familyal l ap regle.
» Mwen pale avèk Cristiano Ronaldo anvan pwoblèm sa abòde. Diskisyon an te byen dewoule antre nou. Li pa montre m okenn volonte li ta genyen pou kite klèb la. Nou pale, nou youn konprann lòt. Nou vle fè siksè ansanm. » konkli nouvo antrenè Manchester United la nan kad premye konferans li t ap bay.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous: Besoccer