Lajistis | Pastè Armel Lafleur mande Pakè Pòtoprens repòte envitasyon an pou 15 jou

Lajistis | Pastè Armel Lafleur mande Pakè Pòtoprens repòte envitasyon an pou 15 jou

Pastè Armel Lafleur, Pakè Pòtoprens t ap tann byen bonè nan maten, mèkredi 4 janvye 2023 a, pou vin reponn kesyon sou konpòtman l, ekri komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Jacques Lafontan, pou mande l repòte envitasyon sila pou 15 jou ankò.

N ap raple Pastè Armel Lafleur gen gwo akizasyon ki peze sou do l kòm kwa li vyole atik 283 kòd penal la ki gen pou wè ak moun k ap twouble lòt piblik.

Nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyo yo, nou kapab wè pastè a nan moman sèvis adorasyon ki fè pitit fi l chita sou li nan yon pozisyon anpil moun jije endesan epi mande l pou li bo l sou bouch pandan l ap di anpil pawòl ki gen pou wè ak pati entim pitit fi li a.

Toujou nan menm kad dosye sila, gen Direksyon Jeneral Ministè Kilt ki ekri komisè gouvènman Pòtoprens la pou li mande l entèdi pastè Armel Lafleur ofisye kòm pastè nan legliz. Dire entèdiksyon sila, Direksyon Jeneral Ministè Kilt la fè konnen se li menm k ap detèmine l.

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *