Ayè mèkredi 3 dawout 2022 a, Lapolis nan depatman Sant arete 4 prezime bandi. Youn ladan yo se manm aktif gang 400 Mawozo.
Anelson Pierre, Miguel Bruny, Pierre Juneton ak Fenelon Jocelin se non 4 prezime bandi Lapolis Nasyonal mare nan Plato Santral. Premye a ki gen 19 lane sou tèt li jwenn arestasyon l nan komin Tomasik pou detounman minè ak zak kidnapin daprè sa PNH la fè konnen.
Miguel Bruny (24 lane) ki se moun Gonayiv li menm jwenn arestasyon l aprè popilasyon an ta fin denonse l. Men Lapolis la pa bay motif arestasyon an nan nòt li abitye pibliye yo.
Pou Pierre Juneton ki gen 31 lane, Lapolis arete l nan komin Ench paske li t ap eseye tiye matant li, Pierre Caroline epi pou asosiyasyon malfektè.
Fenelon Jocelin (35 lane) ki se moun Kwadèboukè, Lapolis arete l paske li ta sanble manm gang 400 Mawozo k ap taye banda nan komin nan. Pou kounye a, 4 endividi sila yo nan gadavi pou yo reponn kesyon lajistis.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la